Tanpri pa itilize bouton ki pou fè bak lan nan navigatè entènèt ou an.
Byenveni
Byenveni nan myBenefits. Sitwèb sa a se yon zouti evalyasyon davans ki bay yon fason rapid ak fasil pou moun k ap viv nan Eta New York pou chèche konnen si yo ta ka anmezi pou resevwa:
  • Èd pou achte manje
  • Asistans Piblik (PA)
  • Kredi espesyal sou taks
  • Asistans pou Enèji nan Kay
  • Pwogram Asistans pou Diminye Konsomasyon Enèji (Weatherization Assistance Program - WAP)
  • Plizyè pwogram Asirans Sante pou moun, fanmi, timoun, ak antrepriz endividyèl
  • WIC - Fanm, Tibebe ak Timoun
  • Pwogram Swen pou Moun ki pa gen Asirans
  • Plizyè kalite sèvis pou Nouyòkè granmoun aje yo, tankou:
    • enfòmasyon sou asirans sante, konsèy ak asistans (HIICAP)
    • NY Connects-Information sou swen alontèm ak asistans nan koneksyon nan sèvis yo
    • Asistans legal
    • Sèvis nitrisyon
    • Èd pou achte medikaman sou preskripsyon

Sitwèb sa a ap pran apeprè 10 minit pou itilize. N ap mande ou pou ban nou enfòmasyon sou moun ki lakay ou, sou lajan ou touche nan yon djòb oswa lòt kote, sou depans pou lojman ou ak sou kèk lòt bòdwo. Sa ou di nou an ap rete an sekrè ak pwoteje. Men kèk avantaj pou itilize myBenefits: enfòmasyon prive pou travay lakay ou, posiblite pou itilize nenpòt òdinatè ki konekte nan entènèt nenpòt kilè oswa nenpòt kote, fleksibilite pou travay nan pwòp ritm ou, epi pou adapte fasil avèk orè chaje ou.

Lè ou fini, n ap di ou si ou ta ka anmezi pou resevwa èd nan pwogram tankou Pwogram Asistans Nitrisyon Siplemantè.

Lè ou fini, n ap di ou si ou ta ka anmezi pou resevwa èd nan pwogram tankou Koupon pou Achte Manje. Si gen timoun ki lakay ou, n ap chèche wè tou si yo ka anmezi pou resevwa manje nan lekòl la oswa pandan sezon lete a. Si ou se yon granmoun aje oswa si ou gen yon granmoun aje j ap viv lakay ou, n ap chèche wè si ou ka kalifye pou èd pou peye pou plan Medicare ou. Granmoun aje yo ta ka anmezi pou jwenn èd pou peye pou preskripsyon yo ak lòt asistans ki kapab ede yo viv lakay yo pandan y ap vin gen plis laj. Epitou, n ap chèche wè si ou ta ka anmezi pou jwenn kredi taks pou moun ki pa touche ase revni.

Tanpri sonje sitwèb sa a se senpleman yon tès pou wè si ou ta ka anmezi pou resevwa avantaj yo. Rezilta tès la baze sou enfòmasyon ou bay yo. Kidonk, si enfòmasyon ou bay yo pa konplè oswa pa kòrèk, rezilta tès ki endike a ka pa egzat. W ap gen pou aplike pou pwogram sa yo pou jwenn yon desizyon final sou avantaj yo, men n ap fè ou konnen kijan pou fè sa.

Èske ou pare pou kòmanse? Itilize makè a pou klike sou bouton Swivan. Tanpri pa itilize bouton Annavan, Retounen oswa Sispann nan navigatè ou. Olye ou fè sa, itilize bouton myBenefits ki anba chak paj-ekran. Si ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon, klike la a pou li plis sou fason pou itilize sitwèb sa a.

Office of Temporary and Disability Assistance